Pòtoprens, lendi 3 jiyè 2017.- Nan kad konferans ki bay chak semèn yo, Lendi Laprès, Ministè Kominikasyon resevwa jounen lendi 3 jiyè 2017 la, twa manm nan Akademi Kreyòl Ayisyen an : Pastè Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis), Prezidan Konsèy Administrasyon an, Gérard Marie Tardieu (Jera Mari Tadye), manm Konsèy Administrasyon an ak Marckly Jean Pierre (Makli Jan Pyè), Akademisyen.

Prezidan Konsèy administrasyon an, Pastè Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis) pa kache kontantman li pou bon jan kolaborasyon li jwenn bò kote Ministè Kominikasyon pou pèmèt lang kreyòl la vanse. « Pran dispozisyon pou tout enstitisyon leta tankou prive itilize lang kreyòl la, se youn nan pi gwo misyon Akademi an », se sa Pastè Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis) fè konnen.

Gérard Marie Tardieu (Jera Mari Tadye) , bò kote pa l, pwofite okazyon an pou l bat bravo pou Ministè Kominikasyon pou pwomosyon l ap fè pou lang kreyòl la. Li chita sou atik 7 nan konstitisyon peyi a pou l plede an favè respè dwa timoun lekòl yo ak tout sitwayen ayisyen genyen pou yo pale epi jwenn sèvis nan lang manman yo. « Nou pa ka aksepte pou lwa yo ap pibliye sèlman an fransè », se sa mesye Tadye deklare.

Mesye Marckly Jean Pierre (Makli Janpyè), li menm prezante premyè rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la Akedemi an mete deyò nan dat premye jen ki sot pase a. Mesye Janpyè di li konte sou Laprès pou fè tout moun konnen epi fè pwomosyon rezolizyon premye jen 2017la pou yo kapab ekri lang kreyòl la byen.

Ministè Kominikasyon, jan Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnel Moyiz) swete l, deside travay avèk Akademi Kreyòl Ayisyen an pou yo tabli yon kominikasyon ki pa kite pèsonn sou kote gras ak lang kreyòl la, sansibilize opinyon nasyonal ak entènasyonal sou enpòtans lang sa a epi bay Ayiti jarèt pou l kontinye kenbe plas li kòm lidè nan mitan tout peyi ki pale kreyòl yo.

-FEN-

Port- au- Prince, le lundi 3 juillet 2017.- Dans le cadre des conférences hebdomadaires <<les Lundis de la Presse>>, le Ministère de la Communication a reçu, ce lundi 3 juillet 2017, trois membres de l’Akademi Kreyòl Ayisyen : Pasteur Jean Pauris Jean Baptiste, Président du Conseil d’Administration, Gérard Marie Tardieu, membre du conseil d’administration et Marky Jean-Pierre, Académicien.

Lors de cette conférence de presse, les Académiciens ont présenté:
•  Les grandes lignes de l’Akademi Kreyòl Ayisyen
•  Les activités déjà réalisées, notamment la publication de la première résolution concernant l’orthographe du créole haïtien
•  Les perspectives de l’Akademi Kreyòl Ayisyen.

Le Président du conseil d’administration de l’ AKA a exprimé sa satisfaction pour le partenariat développé entre le Ministère de la Communication et l’ AKA en vue de promouvoir la langue créole. <<Prendre des dispositions de manière à ce que les institutions étatiques et privées utilisent la langue créole constitue l’une des tâches principales de l’Académie Créole Haïtien>> , a déclaré M. Jean Pauris Jean Baptiste.

Pour sa part, Gérard Marie Tardieu a profité de l’occasion pour féliciter le Ministère de la Communication pour sa contribution dévouée à la promotion de la langue créole. L’Académicien a insisté sur la nécessité de faire respecter le droit linguistique des écoliers et de tous les citoyens haïtiens de communiquer et d’accéder aux différents services dans leur langue maternelle, en s’appuyant sur l’article 7 de la constitution de 1987.<< C’est inacceptable pour que les lois soit publiées uniquement en français>>, a martelé l’Académicien.

De son côté, l’Académicien Marky Jean-Pierre a présenté la première résolution sur l’orthographe de la langue Créole, publiée le 1er juin dernier. M. Marky Jean-Pierre dit compter sur la presse pour la diffusion et la promotion de la résolution du 1er juin 2017 en vue de permettre une bonne écriture de cette langue.

Le Ministère de la Communication et l’Akademi Kreyòl Ayisyen réitèrent leur engagement en vue d’établir une communication inclusive par le biais de la langue créole et consolider Haïti dans sa position de leader du mouvement dans le monde créolophone.

– Fin –