Pòtoprens, jedi 22 jen 2017.- Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) ki te gen ak li Direktè Jeneral Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè) te fè, jounen jedi 22 jen 2017 la, yon vizit koutwazi nan biwo Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki chita nan avni Magerit, (Tijo / Pòtoprens).

Objektif vizit sa a se tabli yon akò travay ant Akademi Kreyòl Ayisyen an ak Ministè Kilti ak Kominikasyon pou rive fè pwomosyon richès kiltirèl nou yo epi ba yo valè nan ranfòse ak ranmase pi bon zouti kominikasyon ki makonnen tout Ayisyen : lang manman nou an.

 

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) salye kouraj ak detèminasyon tout Akademisyen lang kreyòl la epi felisite yo pou travay yo deja fè lè yo pibliye premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la. « Lè w bay lang ou valè, sa fè w fyè de ki moun ou ye », se sa Minis la ajoute.

Prezidan AKA a, Mesye Jean Pauris Jean-Baptiste (Jan Poris Jan Batis), bò kote pa l, di li kontan anpil pou demach Ministè Kilti ak Kominikasyon fè a pou rive mete sou pye yon patenarya ant de (2) enstitisyon yo, sa ki moutre bòn volonte Gouvènman ki la a pou akonpaye Akademisyen yo nèt al kole.

Direktè Jeneral Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè), li menm, moutre enpòtans Operasyon Comtech la ki se yon maryaj ant kominikasyon tradisyonèl ak teknoloji. « Majorite popilasyon an dwe jwenn epi konprann tout enfòmasyon yo », se sa Direktè Jeneral la kontinye pou l di.

Ministè Kilti ak Kominikasyon ki gen wòl pou l mete ansanm tout enstitisyon leta yo, deside travay ak Akademi Kreyòl Ayisyen an pou pèmèt popilasyon an konprann kreyòl la pi byen, dekouvri epi apresye richès kiltirèl nou, sansibililize opinyon nasyonal ak entènasyonal la sou enpòtans lang sa a epi bay Ayiti jarèt nan pozisyon l kòm lidè mouvman peyi ki pale kreyòl.
-Fen-

VISITE DE COURTOISIE DU MINISTRE DE LA CULTURE ET DE LA COMMUNICATION, M. LIMOND TOUSSAINT AU BUREAU DE L’AKADEMI KREYOL AYISYEN

Port-au-Prince, le jeudi 22 juin 2017.- Le Ministre de la Culture et de la Communication, M. Limond Toussaint, accompagné du Directeur Général de la Communication, M. Calvin Cadet, a rendu, ce jeudi 22 juin 2017, une visite de courtoisie au bureau de l’ Akademi Kreyòl Ayisyen, situé à l’ Avenue des Marguerites, (Turgeau / Port-au-Prince ).

Cette initiative vise à établir un accord de travail entre l’ Akademi Kreyòl Ayisyen et le Ministère de la Culture et de la Communication en vue de promouvoir et de valoriser nos richesses culturelles par le renforcement et la prise en charge du meilleur outil de communication entre les tous les Haïtiens: notre langue maternelle, le créole.

Le Ministre de la Culture et de la Communication, M. Limond Toussaint a salué le courage et la détermination de tous les Académiciens haïtiens de la langue creole et a tenu à les féliciter pour le travail déjà fourni à travers la première résolution publiée sur l’orthographe de la langue créole haïtienne. “ Valoriser sa langue, c’est être fier de son identité “, a renchéri le Ministre Toussaint.

De son côté, le Président de l’AKA, M. Jean Pauris Jean-Baptiste s’est dit très touché de la démarche du Ministère de la Culture et de la Communication pour établir un partenariat entre les deux institutions, ce qui manifeste la ferme volonté du gouvernement actuel d’accompagner sans relâche les Académiciens.

Le Directeur Général du Ministère de la Communication, M. Calvin Cadet a, pour sa part, mis en valeur l’Opération Comtech qui est un mariage entre la communication traditionnelle et la technologie . ” Toutes les informations doivent être reçues et comprises par la majorité de la population”, a déclaré le Directeur Général.

Le Ministère de la Culture et de la Communication, fidèle à son rôle transversal, entend travailler avec l’ Akademi Kreyòl Ayisyen pour permettre à la population de mieux connaître le créole, découvrir et apprécier nos richesses culturelles, sensibiliser l’opinion nationale et internationale sur l’importance de cette langue et consolider Haïti dans sa position de leader du mouvement dans le monde créolophone.

– FIN-