Gen plis pase 40 lane, yon viris anplis, ki pote non VIH/SIDA antre nan mond lan. Li pote ale plis pase 35.000.000 moun nan peyi san chapo. Viris sa fè yon pakèt dega. Li fè dlo koule nan je yon latriye moun, timoun, jèn moun kon granmoun. Lakoz bonjan enfòmasyon moun pa t genyen sou viris sa, sila ki enfekte yo (ak pwòch yo nan kèk ka) sibi tout kalte move tretman ak tout sa sa trennen dèyè l, menm nan men moun ki nan pwoksimite yo. Èske n k kontinye gad VIH/SIDA je nan je, kòmsi ryenetè ?

Plizyè aktè, moun ak enstitisyon ki nan plizyè domèn, kòmanse nan peyi d Ayiti rive lòt bò dlo, nan yon sinèji, fè tèt kole pou batay kont viris sa. Batay sa rive diminye nan dega ak nan konsekans VIH/SIDA yo. Sa ki fè, jounen jodi anpil moun kapab viv ak VIH/SIDA ak mwens kè sote. San yon sanbilizasyon bò kot moun ki enfekte yo ak sila ki kapab dispoze resous pou konbat viris sa, okenn moun pa t ap gen volonte antre nan batay sa. Granmesi reyalizasyon pwomès anpil patnè, plis moun ki enfekte rive jwenn bonjan swen [gratis].

VIH/SIDA toujou nan mond lan, e moun pa janm sispann enfekte. Li enpòtan pou n sonje pa gen okenn moun ki pwoteje sanpousan kont li. Aksidan sikilasyon se youn nan pil rezon ki esplike sa. Kidonk, lè n pa patisipe nan batay sa a n ap bay VIH/SIDA a jarèt pou l gaye kò l pi plis nan mond lan, ak posiblite pou l rive jwenn nou.

Depi lè epidemi sa kòmanse jouk rive lane 2015, gen plis pase 78.000.000 moun ki enfekte. Ta ka gen plis enfeksyon, kidonk plis viktim dirèk ak endirèk, san reyalizasyon pwomès anpil moun ak enstitisyon te fè kont pwopagasyon viris sa. Pwomès sa yo te fèt nan plizyè nivo : nan prevansyon, nan sanbilizasyon, nan abtisnans, nan pwoteksyon nan rapò seksyèl, nan entegrasyon sila ki enfekte yo, nan pataj bon enfòmasyon tout kalte, nan finansman elatriye…

Men, jounen jodi gen anpil patnè ki pa kontinye kenbe pwomès yo, gen lòt menm ki pa kenbe pwomès yo ditou, sa ki kapab lakoz VIH/SIDA a ak tout sa l charye yo layite kò l plis toujou sou lavi moun, kèlkanswa wòl moun nan ap jwe nan sosyete lòm nan. Anpil moun tonbe deja. Gen fanmi VIH/SIDA ratibwaze san kite yon grenn. Gen anpil sèvo ki te ka sèvi nan anpil koz ras lòm nan ki disparèt. Lis viktim yo long, konsekans yo lou.

Premye desanm 2016 lan, pandan y ap selebre jounen sa divès kote anba divès tèm, se okazyon pou chak moun, chak patnè, chak enstitisyon sonje pwomès yo te fè yo, epi pou yo reyalize yo. Lavi anpil moun depann de pwomès sa ak reyalizasyon pwomès sa. Reyalizasyon pwomès sa gen pouvwa pou ofri mond lan yon lòt vizaj nan sa ki konsène konsekans VIH/SIDA la, li kapab met yon ti moso souri sou anpil figi ak yon ti moso lajwa nan anpil kè.

« Kenbe pwomès ou – tout ras lòm nan konte sou reyalizasyon pwomès sa. »