An n sispann ak kèk vye fòmil [defansiv] ki fè konprann se fanm ki merite sibi vyolans.

Anpil fwa nou tande: « Al bat manman w !». Se yon fòmil konsa anpil moun, fanm kon gason, konn itilize lè yo viktim dirèk yon menas osnon yon zak vyolans vèbal, yon zak vyolans fizik. Kòmkwa, si gen yon moun ki merite pran kèk bon pataswèl osnon tande kèk pawòl piman bouk, se fanm/madanm osnon manman agresè a. Sa ki vin devlope yon pèsepsyon nan enkonsyen kolektiv Ayisyen an, fanm fèt pou pran baton, pou sibi agresyon, pou sibi vyolans.

Li pa fasil pou w tande yon gason, devan yon menas osnon yon zak vyolans, sèvi ak fòmil sa. Kidonk, se plis fanm ki sèvi ak li pou yo defann tèt yo, pou yo retire pwent zam vyolans lan sou yo. Malerezman, pwent zam nan sot sou yo, men yo pa retire zam sa a nan sosyete a, yo tounen pwent zam nan sou yon lòt fanm. Kòm rezilta, fanm (timoun, adolesan, jèn fi ak granmoun) kontinye sibi agresyon tout kalte.

Lè n pati sou baz sosyete a ki se yon sistèm kote chak grenn eleman gen yon relasyon dirèk osnon endirèk ak chak lòt grenn eleman, nou kapab avanse pou n di koze ankourajman vyolans sou fanm nan gen anpil move konsekans. Konsekans krèv kè sa yo anpil, e anpil fwa sosyete a soufri lakoz sa. Nan ka fanmi yo, li kont bout nan divòs/separasyon ak tout sa sa charye. Nan lòt ka, li konn bout nan lòt zak moral, lajistis peyi a, ak prensip inivèsèl dwa moun kondane. Tout bagay sa yo rann lavi nan sosyete a pi difisil.

Nou konn sa deja : Vyolans pa fè sans, vyolans pote soufrans. Lè yon moun viktim vyolans, li pa bon pou li, li pa bon pou okenn moun nan sosyete a. Fanm, gason, nou dwe fè yon sèl pou n sispann fè vyolans sou moun parèy nou. An n kase chenn vyolans sou fanm yo, fanm ki manman lavi, fanm ki se potomitan sosyete n yo. An n sispann ak kèk vye fòmil [defansiv] ki fè konprann se fanm ki merite sibi vyolans.

Pandan tout aktè ki konsène yo, soti nan Leta, pase nan ògazizasyon k ap defann dwa fanm pou rive sou enstitisyon sosyal yo [tankou Legliz], ap kontinye travay pou vyolans pa fèt sou fanm, n ap chwazi chemen devlopman, chemen lapè, chemen lavi.

***

Fè lemonn antye tande vwa w: 

Photo: © Shutterstock