1- Kisa yon katastwòf natirèl ye?

Yon siklòn k ap pase

Yon katastwòf natirèl se yon evennman bridsoukou lanati pwovoke poukont li, san pa gen entèvansyon lòm ladan li, men, ki lakoz boulvèsman ak gwo dega. Tankou siklòn, tranblemanntè, sounami, dife ki pran pou kont li (sitou nan forè), vòlkan, deboulonay tè elatriye. Se vre yo rive poukont yo, men pafwa, se konn aksyon lèzòm ki lakòz yo rive pi souvan, tankou aksyon nou sou planèt la ki lakòz rechofman klimatik, ki li menm lakòz gen plis siklòn, tònad, dife forè, elatriye.

 

2- Kisa ki fè Ayiti vilnerab pou katastwòf natirèl ?

 

Gen yon pakèt eleman ki fè Ayiti vilnerab pou katastwòf natirèl. Nan mitan yo n ap site deforestasyon, chanjman klimatik, chanjman sezon, pozisyon jewografik peyi a ak plak tektonik yo; Ayiti nan lizyè 2 gwo plak k ap glise yonn antre anba lòt, e se plak sa yo ki lakòz tranblemanntè. Chak grenn bagay sa yo kapab fasilite kèk katastwòf natirèl. Kidonk, se pa yon fatalite si nou souvan ap resevwa gwo katastwòf sa yo; gen peyi ki konn resevwa plis toujou, tankou Japon kote tè a tranble chak jou. Sa vle di, nou menm tou ki sou chimen siklòn yo nan Karayib la, nou dwe pare nou.

 

3- Kijan nou ka pwoteje tet nou ?

Pwoteksyon an depann de kalte katastwòf la. Tankou pwoteksyon kont tranblemanntè se pa menm pwoteksyon an kont siklòn osnon ouragan. Sa ki vin fè pi bon fason n ka pwoteje tèt nou se rete veyatif, kidonk pou n toujou enfòme epi pran bonjan desizyon ki gen arevwa a faktè ki ka lakoz katastwòf natirèl yo. Konsa tou, pwoteksyon anviwónman an kapab sove n anba yo pakèt katastwòf.

 

4- 12janvye : kisa ki dèyè jou a ?

Nan kèk lane anvan yo, anpil moun te pran jou sa pou yo salye memwa viktim yo, viv dèy yo epi reviv kèk souvni ki gen pou wè a tranblemanntè a ak sa l charye. Men, nou pakab rete toutan nan pase a. N ap vanse pou pi devan. Se vre n frape, men, an n wè pito kijan n diminye nan dega yon katastwòf natirèl ka lakòz. Se poutèt sa, gouvènman Repiblik la konsakre jounen 12 janvye yon jounen refleksyon anba tèm : “jounen nasyonal refleksyon ak sansiblizasyon sou vilnerabilite Ayiti devan menas ak dezas”.

 

5- Ki aktivite nou ka fè pandan jounen sa ?

 

Pandan jounen sa nou kapab reflechi plis sou katastwòf natirèl ki menase peyi, ak tout sa sa charye. Kòlòk, konferans, seminè, atelye travay ak lòt aktivite ki ka pèmèt nou brase lide nan yon boukantay pawòl nan objektif pou n kapab konnen kijan pou n pare pi byen kont dega katastwòf natirèl yo, kijan n ka evite kèk tou. Nou envite tout popilasyon an itilize rezo sosyal yo pou mennen konvèsasyon sou kesyon an epi pote sansibilizasyon an pi lwen ak achtag #SeParePounPare.

 

6. Yon responsablite pou chak moun

Chak moun, sitou chak Ayisyen, gen pou devwa pou kontribye pou make jounen sa fason yo kapab nan sans lide jounen an. Nan lekòl, nan lakou yo, nan inivèsite yo ak nan [lòt] espas piblik yo, se pou n tanmen bonjan chita pale ak kominote yo epi fè pridans. Nan kote n ap konstri, nan kalte konstriksyon n ap fè yo, nan aktivite n ap fè chak jou, se pou prevwa ka toujou gen katastwòf natirèl. Youn veye sou lòt epi an n vanse pou pi devan.

***