Sentom

Sentom maladi kowonaviris la

Kòman mwen ka rekonèt sentom maladi nouvo Kowonaviris la

Prevansyon

Kòman mwen ka pwoteje tèt mwen

Ki sa mwen ka fè pou m pwoteje tèt mwen ak lantouraj mwen

Moun ki riske yo

Ki moun ki pi fasil trape maladi #Covid19

Eske maladi kowonaviris la riske rantre sou mwen ak fòs ?

Kominike ofisyèl

kominike ak lòt piblikasyon sou maladi a

Desizyon Gouvènman an pran nan lit pou kwape maladi a

Kisa ki yon nouvo kowonaviris?

Kowonaviris yo fòme yon gwoup viris nou kapab rele yon fanmi viris ki pral pwovoke yon pakèt modifikasyon k ap sòti de yon senp rim pou rive bay lòt maladi grav tankou sendwom respiratwa mwayen oryan (MERS-COV) ak sendwom respiratwa egi, sevè (SRAS).

Kowonaviris yo se yon pakèt maladi ki zowonotik, sa vle di se bèt ki transmèt li bay lòm. Plizyè ankèt detaye ta fe konnen se bèt ki rele sivèt la ki bay lòm SRAS-COV la, dwomadè a limenm transmèt lòm MERS-COV la. Gen plizyè kowonaviris lakay kèk zannimo men ki poko rive enfekte moun.

Yon nouvo kowonaviris (nCOV) se yon souch kowonaviris ki poko paret lakay lòm nan. Nan moman maladi nouvo kowonaviris la pwovoke a te fenk parèt nan vil Wuhan nan peyi Lachin, yo te ba l pote non “nouvo kowonaviris 2019” an apre yo te vinn rebatize l maladi kowonaviris 2019 oubyen KOVID-19KO pou kowona VI pou viris ak D pou maladi nan lang anglè.

Viris ki bay maladi COVID-19 / KOVID-19 la se yon viris ki sòti nan menm fanmi ak lòt viris tankou sendwom respiratwa egi sevè a, ansanm ak kèk lòt rim moun genyen souvan.

Se moun ki genyen viris la deja ki ka rive transmèt li bay yon lòt moun. Lè li estènen oswa touse, li jete ti gout krache oubyen rim ki pral rete sou kèk objè oubyen kote yon lòt moun ap sèvi. Si yon moun vinn manyen objè sa yo oubyen espas ki finn enfekte a epi li manyen je l, nen l oswa bouch li, l ap trape kowonaviris la.

Li enpòtan pou ou kenbe yon mèt distans ak tout moun paske si ou respire goutlèt yon moun ki enfekte ak kowonaviris la degaje pandan li touse oswa estènen ou kapab trape kowonaviris la tou.