Kowonaviris – Sentom

la Toux

Tous

Gòj fèmal

Lafyèv

Mal pou respire

Kijan ou kapab rekonèt sentòm kowonaviris yo?

Moun ki enfekte ak kowonaviris la ka pa genyen tout sentom yo, li gendwa pa gen okenn sentom ditou. Ou ka pa konnen si ou genyen sentòm Kovid-19 la paske yo ka sanble ak sentom grip, yon senp rim oubyen kek lòt maladi pi kouran ke kowonaviris la. Se sa ki fè li enpòtan pou nou fè egzamen medikal pou nou ka konfime si yon moun ki prezante kek sentom se kowonaviris la li genyen oswa yon lòt maladi.

Sentòm kowonaviris la kapab yon mal tèt, konjonktivit, sa nou rele malozye a, larim, lafyèv, yon tous sèch, mal gòj, kò fèmal, souf anlè. Nan kèk lòt ka ou kapab pèdi gou bouch ou epi ou paka detekte odè.

Nan ka ki pi grav yo, enfeksyon ak kowonaviris la ka pwovoke yon ensifizans respiratwa, ki ka lakoz ou paka respire, yon nemoni ki ka lakoz lanmò.