Kowonaviris – Moun ki pi vilnerab yo

Sou ki kategori moun maladi kowonaviris la riske rantre ak fòs ?

Se granmoun yo ansanm ak moun ki deja gen lòt maladi tankou maladi tansyon, maladi kè, difikilte respiratwa, moun ki dyabetik sa nou rele maladi sik la, moun ki fè kansè ak moun sistèm iminitè li deja pa anfòm tankou moun ki gen yon VIH ki pa kontwole avek moun obèz ki prezante plis risk pou trape maladi kowonaviris la.