Akademi Kreyol Ayisyen nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak kolaborasyon Fakilte Lengwistik Aplike prezante, jedi 1e jen 2017 la, Premye rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an.

Òtograf sa a ki gen 32 fonèm, se rezilta plizyè jounen atelye ak reprezantan dives sektè nan peyi a k ap travay sou lang kreyòl ayisyen an tankou ekriven, pwofesè, konseptè liv kreyòl, editè, lengwis, tradiktè elatriye. Aprè brase lide nan atelye yo, komisyon syantifik Akademi an te analize tout pwopozisyon yo epi vini avèk nouvo dispozisyon. Akademisyen yo te adopte desizyon pou rekondwi  alfabè kreyòl 1979 la avèk kèk chanjman nan aspè ki konsène òtograf  lang la.

Ministè Kilti ak Kominikasyon se youn nan 9 enstisyon nasyonal ki fonde Akademi Kreyòl Ayisyen an, li reprezante ak 2 manm: Akademisyen Claude Pierre ak Akademisyen Jean Pauris Jean Baptiste k ap jwe wòl Prezidan Konsèy Administrasyon an.