Jounen Mondyal Timoun yo – Ayiti

Depi 1954, Òganizasyon Nasyon yo (ONU) konsakre jounen 20 novanm nan kòm jounen mondyal timoun yo. Jounen sa se yon okazyon pou n panse sou dwa timoun yo, sou bezwen yo, sou sitiyasyon yo, yon fason pou n poze bon jan aksyon pou n chanje sa k dwe chanje.

Jounen sa konsène tout moun ki gen timoun nan antouraj yo ak nan anviwónman, tout moun k ap travay ak timoun, tout moun ki konn rankontre timoun, tout moun ki te pase timoun ak tout timoun. Se yon fason pou n di jounen sa konsène chak grenn moun k ap viv sou planèt tè a.

Anplis se jounen timoun yo, an Ayiti jounen 20 novanm nan se jounen kote nasyon Ayisyèn nan ap chwazi sila ki pou dirije l yo pandan 5 lane k ap vini la yo. Timoun yo, ki se nannan nasyon an, pa gen dwa vote. Kidonk, se nan vòt jèn ki gen kòmanse 18 lane, se vòt granmoun yo y ap benefisye.

Se vre nou chak gen rezon pa n ki fè n vote pou yon lide, men l enpòtan pou w sonje lavi ak lavni tout timoun ki nan peyi a depann de vòt ou a. Si w chwazi pa vote ou chwazi fè timoun sa yo tò. Tò timoun sa yo sibi jodi a, se sosyete a ki pral peye yo demen. Kidonk, mete timoun yo nan nannan vòt nou yo pou yon demen miyò pou, ak pou nou.

_______,,________