Pòtoprens, 8 mas 2023.- Ministè Jistis ak Sekirite piblik (MJSP) aprann gen enstitisyon, komès, lekòl ak sitwayen, ki lakay yo, ki ap resevwa lèt menas komkwa bandi pral detwi byen yo, kraze kay yo, touye yo, kidnape yo si yo pa bay lajan.

MJSP ap fè tout moun konnen depi yo jwenn lèt sa yo pou yo pa manyen yo twòp on fason pou anprent dijital ak lòt prèv pa disparèt. Direksyon santral Lapolis jidisyè (DCPJ) ak Polis syantifik kapab jwenn moun ki ekri yo gras ak bazdone Leta genyen epi ki chaje enfòmasyon sou moun ki gen kat idantifikasyon oubyen lòt dokiman.

Moun ki ekri lèt sa yo, Leta ap idantifye yo, pran tout dispozisyon pou pa delivre yo pyès tankou paspò, kazye jidisyè, limite aksè yo ak on seri sèvis, mete manda dèyè yo, arete yo pou aktivite teworis jan Lwa 2013, ki modifye an 2016, sou blanchiman ak finansman teworis presize, ak Lwa oktòb 2017 sou kidnaping ki modifye lwa 20 janvye 2009 la.

MJSP ap raple ni moun ki ekri lèt sa yo, ni moun ki nan siveye rapòte, bay kout dwèt pou kidnape moun, bay kote pou sere moun yo kidnape, ki siveye moun yo kidnape, kapab pase tout rès vi yo nan prizon.

Si ou resevwa on lèt menas, rele Pakè Pòtoprens nan 36049602 oubyen DCPJ nan 37 33 3640