Port-au-Prince le 20 octobre 2022.- Le MCC condamne les actions des groupes armés qui constituent un crime contre le patrimoine culturel et particulièrement contre ce site de première importance dans la production du métal découpé, classé, depuis 2020 : Patrimoine culturel immatériel de la République d’Haïti.

Le MCC travaille prioritairement avec les autorités impliquées dans la sécurité publique pour favoriser la protection du site, des artistes et des riverains ainsi que la sauvegarde d’un patrimoine essentiel.
Le Ministère de la Culture et de la Communication appelle à la solidarité de tous les Haïtiens et des partenaires internationaux concernés pour mettre un terme à cette situation qui risque de se transformer en catastrophe avec des conséquences irréversibles.

—————————————————————————

Ministè Kilti ak Kominikasyon ap suiv, ak anpil kè sote, devlopman konfli ame ant gang yo ki tounen yon agresyon kriminèl dirèk sou Vilaj atistik Nway, nan komin Kwadèboukè. Sityasyon malouk sa a, enstale l depi pase yon semèn.

Ministè Kilti ak Kominikasyon kondane aksyon gwoup ame sa yo ki se yon krim kont patrimwan kiltirèl peyi a, espesyalman kont yon sit enpòtan k ap produi metal dekoupe ki klase, depi lane 2020, kòm Patrimwan kiltirèl ak imateryèl Peyi Dayiti.

Ministè Kilti ak Komonikasyon a ap travay koulye a ak otorite ki gen responsablite sekirite piblik nan peyi pou jwenn pi bon jan pou asire pwoteksyon sit la, atis yo ak moun k ap viv nan zòn nan. Konsa tou, sa ta dwe pèmèt sove yon patrimwan ki esansyèl pou peyi a.

Ministè kilti ak Kominikasyon mande solidarite tout Ayisyen ak patnè etranje ki konsène yo pou frennen devlopman sitiyasyon sa ki ka tounen yon katastwòf kote yon pati nan patrimwan peyi detwi nèt san posiblite ranplase l.