1er Janvye 1804 – 1er Janvye 2021, sa fè 217 lane aprè anpil batay kont kolonizasyon ak esklavaj ,  lame endijèn nan ki te gen nan tèt li Jeneral Jan- Jak Desalin te bat lame ekspedisyonè kolon yo  pou te bay  peyi a batistè granmoun li e tabli yon Eta kote Egalite, Libète, Jistis, Viv ansanm ak byennèt egziste pou tout moun. Sakrifis zansèt nou yo  pèmèt jodi a nap viv nan yon peyi lib e endepandan. Yo te goumen ak anpil kouraj ak detèminasyon paske yo te kwè se sèl chans yo genyen si yo vle vi n viv tankou moun. Menm sa ki te konn jwi ti privilèj  te renonse ak ti avantaj pou goumen kont kolon yo pou libere frè yo ak sè yo kap resevwa kout frèt nan do yo maten, midi e swa.

Jodi a nou pap pran kout frèt nan do nou ankò. Men nou toujou rete esklav divizyon ak la èn. E se menm espri divizyon ak la èn sa ki te fè nou touye Papa Nasyon an ki se Jan- Jak Desalin. Espri divizyon, chirepit sa lakòz anpil enstabilite politik,  ki anpeche peyi a pran wout devlopman ki chita sou bonjan  kwasans ekonomik ak jistis sosyal depi lendepandans.

Pandan 217 lane, tout istwa peyi a chita sou konplo, sou koudeta, sou asasina. Nou fè konplo pou n kraze l, pou n detwi l, jamè pou n konstwi l. Nou fè koudeta sou koudeta. Plis pase 30 Prezidan ranvèse ou asasinen sou pouvwa. Lè nou pa asasinen yo fizikman, nou asasinen karaktè yo. Rezilta se kisa l ye jodia ? Nou se peyi ki pi pòv nan Amerik la. Alòske pandan lontan se nou yo te konsidere kòm ‘’La perle des Antilles’’ pou richès ak bote peyi a te genyen. Fòk bagay sa yo  revòlte konsyans nou,  nou menm ki nan sosyete sivil la; nou menm ki fòme  elit ekonomik, entèlektyèl ak politik peyi a.

Desizyon kap pran yo pou fè gwo refòm nan peyia pa nan enterè oligak kowonpi kap souse manmèl depi dig dantan. Olye yo chanje metòd travay yo,  Okontrè yo kontinye ap finanse kawo , vyolans ak enstabilite nan peyi a pou yo fè plis kontrebann, plis espekilasyon nan zafe chanje lajan, pou pwofite siyen vye kontra malatchon sou do pèp la, pou yo pa peye taks ak enpo yo dwe Leta, pou alimante lavi chè ak ensekirite, pou detwi  tout enstitisyon piblik  yo. 

Gwo save nan peyi a, moman an rive pou nou poze tet nou keksyon sa yo:  ki angajman nou pran nan sosyete a ? Kòman sa nap di, sa nap ekri kontribye nan chanjman reyèl sosyete a ? Ki valè nap defann ? Ki jenès nap fòme ? ki peyi nou vle ?

Nou menm nan klas politik la nou pa janm ka antann nou sou yon pwojè sosyete ki pote repons a revandikasyon majorite popilasyon an ki se : konstwi lekòl, sant sante, lopital ,  baraj pou bay dlo potab, dlo pou rouze jaden ak pwodwi kouran elektrik, konstwi sistem irigasyon ki mache ak solèy nan plèn yo, konstwi gwo pepinyè nan tout peyi a pou rekomanse ak pwodiksyon kafe ak kakawo a nan mòn yo, konstwi wout pou konekte zòn  pwodiksyon yo ak zòn konsomasyon yo, konstwi rezo ak sentral elektrik pou limen tout peyia, kreye bon kondisyon pou gen travay, sekirite, estabilite, fè touris rantre  nan peyi a. 

Pa dwe gen sakrifis ki twò gwo pou ayiti, an nou mete ogèy nou ak gwo kolè nou sou kote pou nou sove peyi nou.  Jodia se mwen ki sou pouvwa kap batay kont ekip sansi sa yo kap souse san pèp la depi dyab tap goumen ak kaporal.  Demen se pral  ou menm . E konba saa ou pap ka kanpe l, zye pèp la ouvè deja. Pap janm gen benyen kache lonbrit ankò. Absè a pete se peze ou pral oblije kontinye peze l.

 Politisyen frèm ak sèm yo, gade depi kilè yo mete yon wòch nan men nou chak pou nou goumen yonn kont lòt. Gade depi kilè gwo chabwak ap mennen yon politik divize pou renye nan mete nou yonn anfas lòt. Gadem ! Gade w ! Gade kijan nou sanble epi yo mete nou   pou n goumen tankou de kòk ki nan gagè.  Moman rive pou nou sere kòlè, pou nou mete tèt nou ansanm pou nou rive jwen bonjan mannyè pou soti peyi a nan twou kote li ye jodia. 

Mèdam, Mèdmwazèl, Mèsye, 

Ayisyen, Ayisyèn, Frèm ak Sèm kap viv nan 4 kwen peyi a ak nan dyaspora

Lane 2021 sa se yon lane ki enpòtan anpil pou avni peyi Dayiti. Nap rele l ‘’Ane Konstitisyon, Ane Eleksyon ak Enèji elektrik ’’. Kidonk gen gwo defi kap tann nou. Mwen pap ka leve defi sa yo pou kòm. Nou bezwen sipò,bòn fwa, konpetans tout ayisyen konsekan, tout sektè reprezantatif peyi a pou n fè refòm sa yo.

Nou tout dakò gen yon gwo pwoblèm nan gouvènans peyi a. Pa gen okenn ekilib ant 3 pouvwa Leta yo. Yon Pouvwa toujou rantre nan kolizyon ak yon lòt Pouvwa. Pafwa li enposib pou etabli konpetans yon pouvwa pa rapò ak yon lòt pouvwa. Sa fè  oligak kòwonpi yo itilize enstitisyon yo  pou anpeche Leta sèvi pèp la. Yo transfòme Leta an yon leta predatè kap travay pou enterè mesken pa yo selman.

Manman lwa sa ekskli nan zafè politik peyi a plis pase 3 milyon ayisyen paske yo pap viv sou teritwa nasyonal la. Alòske se sou do yo anviwon 40% Pwodui Enteryè brit peyi a chita. Anpil ladan yo gen konesans ak konpetans pou ede peyi a pran wout devlopman ak kwasans ekonomik.

Manman lwa sa pa ede peyi a gen estabilite. Soti nan dat 29 Mas 1987 pou rive jodi a ,mwen te dwe 7eme Prezidan peyi a , paske te dwe gen yon nouvo Prezidan chak 5 lane. Poutan mwen se 19eme Prezidan peyi a pou 33 lane konstitisyon genyen. Kidonk gen yon bagay ki pa mache. Poukisa tout Prezidan sa yo. Poukisa tout enstabilite sa yo ? Poukisa tout tranzisyon sa yo ? Poukisa tout machanday sa yo chak fwa yon Prezidan dwe nome yon Premye Minis ? Poukisa Prezidan Repiblik pa rive nome Ambasadè yo nan peyi etranje alòske se li ki Chèf diplomasi a ? Poukisa sèvi Leta tounen yon kondanasyon, yon lanmò politik pou kesyon dechay la menm pou sitwayen ki onèt, ki te kòrèk nan jesyon yo ? Poukisa peyi a pa janm gen yon Konsèy Elektoral Pèmanan? Kote Kou konstitisyonèl la? Poukisa nan Palman se pa vwa majorite a ki deside ?

Sa yo se kèk  kesyon mwen poze nan yon lis byen long ki chaje yon pakèt ak yon bann lòt kesyon ki ta dwe poze. Pèp la bezwen repons pou kesyon sa yo. Fò tout sektè, tout sosyete a pote kole pou n jwenn repons pou kesyon sa yo. Kidonk zafè chanjman konstitisyon sa pa pwojè Prezidan Jovenel MOÏSE. Li se pwojè tout sosyete a. Li konsène gouvènans peyi a. Li konsène byennèt popilasyon an. Li konsène enklizyon diaspora nan zafè politik peyi li. Map repete l yon lòt fwa ankò pou lemonn antye tande l :Mwen pap kandida nan prochèn eleksyon yo.

Mwen vle pou sa klè nan lespri tout moun. Nouvo Konstitisyon sa dwe konsève tout aki demokratik manman lwa 1987 la te garanti yo. Li dwe kreye plis amoni ant 3 pouvwa Leta yo. Li dwe senp, klè e fasilman aplikab. Li dwe modèn. Li dwe koresponn ak kilti nou kòm pèp. Li dwe reponn ak aspirasyon majorite popilasyon an. Se sèlman ak kondisyon sa yo lap reyisi, lap jwenn lejitimite li nan je pèp la.

Nan domèn enèji elektrik la, nou pi pre jounen jodi a.Nou pa trò lwen rive. Refòm sa te difisil anpil. Refòm enèji sa lakòz peyi a te pran dife.Men nou te kenbe. Jodia nou kòmanse wè rezilta yo.

Le Président expose ses réalisations en matière de réforme dans le Secteur de l’énergie.

Mwen vle pwofite okazyon 1er Janvye sa ofri m nan pou m di pèp ayisyen an mèsi pou konpreansyon n, pasyans li ak entelijans politik li. Li klè nan lespri pèp la ke enstabilite bay ensekirite, prekarite, mizè, soufrans ak sou devlopman. Pèp la idantifye ènmi l yo. Pèp la pa deside konfye avni li nan men oken oligak kowonpi tout plim tout plimay kap kraze, kap detwi, kap boule lekòl, mache piblik, byen leta , byen prive moun. oligak kowonpi kap divize pou renye. Pep ayisyen ouvè je w ! Pran distans ou ak fo pwofèt sa yo !

Map pwofite okazyon sa pou m eksplike sans lit mwen an nan tèt leta. Mwen pa vi n konbat moun ki gen lajan, moun ki rich. Mwen vle moun kap fè lajan nan bon kondisyon, ki peye taks yo kòrèkteman e ki pran responsabilite yo  nan sosyete a vi n pi rich. Mwen vi n konbat oligak kap vòlè leta, ki nan kontrebann, kap kòwonp fonksyonè leta, ki  kaptire enstitisyon leta yo, ki anpeche Leta sèvi majorite a. Siw genyen moso leta nan pòch ou, pèp la otorizem mandew pou remèt li. Mwen pap janm voye moun ki pa genyen al boule, al kraze byen moun ak biznis moun ki rich. Mwen sèlman vle fè yon meyè repatisyon richès peyi a nan pran bon mezi ka pral nan sans jistis, ekite ak reparasyon sosyal. Volonte pa mwen se demokratize ekonomi peyi a. Se pou kredi egziste ni pou moun ki rich, ni pou moun ki nan klas mwayèn, ni pou ti machann nan mache kwabosal yo, nan mache salomon yo, nan solino yo, nan site chovèl yo, nan raboto yo etc…… 

Mwen pa vi n kanpe moun nwa kont moun po klè, moun andeyò kont moun lavil, moun anwo kont moun anba. Nou tout nou se ayisyen.

Menm jan solèy la leve pou nou tout moun lan,  mwen vle pou sèvis yo nan Leta disponib pou tout ayisyen san distenksyon. Moun kap viv nan lèzangle, ti bouk Obòy, karis, Kotdefè, lazile, Tibiron, montòganize, chak fwa rivyè nan zòn sa yo desann moun sa yo koupe ak rès peyi a. Moun Bedehèn, Bonbadopolis, Mòlsennikola, Janrabèl, Kòniyon granbwa, Savanèt, Boukankare, Fonvèrèt, Tiyòt, Grangozye, Belans, Ansapit, Benè, Ansafolè, Pòdepè, Rankit, Laviktwa, Bawon.

Objektif pam  se pou tout ayisyen viv tankou moun. Objektif nòb sa mwen paka atenn ni pou kòm. Li enplike patisipasyon tout moun kit ou se Lidè relijye, kit ou fè pati elit ekonomik lan, kit ou fè pati laprès, kit ou sot nan elit entèlektyèl la, kit ou sot nan klas politik la.Nou tout gen patisyon pa nou pou nou jwe.

Lane 2021 sa a, se yon lane Eleksyon. Nan tout peyi demokratik, moun pran pouvwa yon sèl fason :se nan eleksyon. Mwen tap yon Prezidan iresponsab si m pa ta pran mezi pou òganize eleksyon pou renouvle pèsonèl politik peyi a.

      Tout swit aprè Referandòm konstitisyonèl la, eleksyon lejislativ yo, prezidansyèl yo, minisipal yo ak lokal yo dwe òganize.

Mwen se demokrat. Mwen kwè nan enstitisyon. Mwen dwe fè tout sa ki nan limit pouvwa mwen pou m retabli enstitisyon yo. Peyi a bezwen enstitisyon l yo. Enstitisyon ki fò, kap mete yo osèvis popilasyon an. Pou enstitisyon yo fò, yo dwe soti nan bon jan eleksyon. Eleksyon ki onèt, lib, demokratik, kredib ak enklizif. 

Nap pran angajman solanèl devan lemonn antye pou n di gouvènman ap bay Konsèy Elektoral Pwovizwa  a tout mwayen pou òganize eleksyon yo nan tout transparans ak endepandans li.

Mèdam, Mèdmwazèl, Mèsye,

Nap fete jounen  endepandans peyi a yon fason trè patikilye. Nou ka remake nou pa fete l jan nou abitye fè l. Kowonaviris anpeche nou envite anpil moun pou vi n fete ansanm. Nou fè jefò pou n respekte jès baryè yo. Nou dwe respekte distansyasyon sosyal yo. Pandan peryòd fèt yo , gen yon ogmantasyon nan kantite moun ki trape kowonaviris la. Nou vle pwofite okazyon sa pou nou di tout moun  pran prekosyon, pote mas nou, lave men nou tanzantan, pa bay akolad, pa estènen nan figi lòt moun. Pa blye modòd la : Mwen pap pran kowonaviris, mwen pap bay kowonaviris. 

Jounen endepandans sa se yon jounen pou n envite tout moun viv nan linite, nan linyon. Nou gen yon sèl peyi, li rele Ayiti. Se nou ki dwe konstwi l. Pèsonn pap vi n konstwi l pou nou. Nou paka kontinye ap kraze l. Divizyon, chirepit, batay yonn kont lòt pap mennen nou okenn kote. Mefyans ak kou ba, kout kouto nan do pap ede nou fè yon pa ak peyi a.

Se chita pou n chita pale yonn ak lòt. Yonn dwe fè lòt  konfyans nan angajman nap pran pou avni peyi a. Si nou pa fè sa nou tout ap koule. E se peyi a, pitit mwen ,pitit ou, pitit ptitit nou kap peye konsekans enstabilite nou kreye nan peyi a jodia.

Mèsi tout moun e Bòn Fèt endepandans !