Pòtoprens, 18 mas 2020.- Ministè Kilti ak Komikasyon, nan tèt kole ak Ministè Jistis ak Sekirite Piblik, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, ap enfòme gran piblik la alawonbadè, ak operatè kiltirèl yo, ak moun kap oganize rara yo, tout manifestasyon kiltirel nan lari yo entèdi sou tout teritwa peyi a, jiska nouvèl òd, nan kad mezi ki gen pou wè ak maladi Kowonarivis la (COVID-19).

Mezi sa a konsène tou tout rasanbleman kote ki gen anpil moun, tankou kote yo jwe teyat, fè espektak, sou tout teren yo jwe tout kalte jwèt.

Gouvènman an ap envite tout pèp la, espesyalman moun ki nan zafè kiltirèl yo, pou yo fè anpil atansyon, se pou yo mete an pratik tout sa otorite nan leta yo deside. Chak sitwayen gen responsabilite pou veye sou santé peyi a, fanmi yo, zanmi yo, vwazen yo, pou yo anpeche maladi a gaye nan peyi a.

Gouvènman an ap fen sonje maladi Kowonaviris la (COVID-19) se yon pwoblèm tout latè, e ki bay anpil kè sote. Li mande pou nou jwe bon wòl sitwayen nou pou n ka fè fas ak maladi a. Tout popilasyon an dwe tande bon jan nouvèl ak enfomasyon sou tout sa yo dwe fè, epi pote kontribrisyon pa yo nan batay kont maladi Kowonaviris la.

Pradel HENRIQUEZ
Minis Kilti ak Komikasyon


Lucmanne DELILLE
Minis Jistis ak Sekirite Piblik


Audain Fils BERNADEL
Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal