Pòtoprens, Jedi 1er fevriye 2018.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, akonpanye ak Minis Travo Piblik, Transpò, Kominikasyon an, Enjenyè Fritz Caillot ak kèk Eli nan Depatman Sant, fè yon kout pye nan Santral Idroelektrik Pelig la, Jedi Premye fevriye 2018 la, pou founi je gade, eta avansman travay kap fèt pou ogmante kapasite santral la.

 

Santral sa ki gen 72 lane depi li egziste, te gen yon sèl Tibin ki tap fonksyone e li te konn founi anviwon 18 megawat kouran avan travay yo te lanse, pou konnya gen 2 sou 3 tibin kap bay sèvis, gras ak lidèchip Chèf Leta a.

Pandan l tap vizite travay kap fèt pou mete 3è tibin nan an mach, Ekselans Jovenel Moïse, bay garanti, ekip li an ap repare tout Santral ki gen pwoblèm nan peyi a, nan sousi pou rive materyalize tout bon vre pwojè li genyen pou met kouran nan tout peyi a 24/24 la.

Travay pou remanbre Santral Idroelektrik Pelig la, pral pèmèt gwo enfrastrikti sila ki alimente plizyè zòn nan Plato Santral ak nan depatman Lwès, rive pwodwi 54 megawat kouran.

Vizit teren sa yo, rantre nan kad volonte Prezidan Repiblik la pou rete tou pre popilasyon an epi travay pou retounen pouvwa a ba li sou fòm sèvis.

FINISMAN