Jakmèl se 7e gran vil nan peyi a ki resevwa materyèl, nan kad jefò Chèf leta a pou ekipe 10 Direksyon Depatmantal TPTC yo

Pòtoprens, jedi 8 fevriye 2018.- Nan kad demach li antreprann pou ekipe tout Direksyon Depatmantal TPTC nan peyi a, ak gwo materyèl lou ki ka itil nan fè wout, kiraj, drenaj, trete ravin ak Basen vèsan epi fè lapwòtay ,Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, remèt TPTC nan depatman Sidès , yon lo materyèl, Jedi 8 fevriye 2018 la.


Kòm vil touristik, se nan yon anbyans kanaval, popilasyon nan vil Jakmèl la te vin di Chèf Leta a mèsi pou jès sila. Bann rara , bann degize, gwoup maske, élèv lekòl melanje ak moun ki soti nan divès kote nan depatman Sidès la, te akonpanye otorite lokal yo, nan sousi pou temwanye rekonesans yon anvè Prezidan Repiblik la, ki deja materyalize gwo pwomès sila nan 7 depatman peyi a.

Pou yon lòt fwa, nan prezans Premye Minis lan Doktè Jack Guy Lafontant , Minis TPTC a Enjenyè Fritz Caillot , Prezidan Sena a , Onorab Joseph Lambert, Onorab Dieupie Chérubin , depite 10 komin nan depatman Sidès la, ak lòt otorite Lokal, Ekselans Jovenel Moïse ki detèmine pou kwape koripsyon sou tout fòm ,mande popilasyon Sidès la, pou veye sou ekipman sa yo, ki se fwi lajan taks pèp Ayisyen an, e yo pa dwe al nan sèvis okenn moun an patikilye.

Administrasyon Prezidan Jovenel Moïse la, ki poko resevwa okenn lajan nan men patnè entènasyonal yo, aprè yon lane pouvwa, rive achte ekipman sa yo, gras ak yon Kredi sektè prive ayisyen ak yon garanti 12 mil èd tan (12.000) sèvis ak reparasyon. Jès Sa rantre nan kad volonte Chèf leta a pou kreye yon klima konfyans ant tout fòs viv nasyon an, espesyalman ant sektè prive a ak Leta, nan benefis popilasyon ayisyèn nan.

FINISMAN