Pòtoprens Vandredi 2 Fevriye 2018.- Pre Repiblik la , Ekselans Jovenel Moise remèt yon lo gwo materyèl, bay Direksyon depatmantal TPTC nan Latibonit, vandredi 2 fevriye 2018 la.

Kamyon baskil, bouldozè, pèl mekanik, eskavatris sa yo pral sèvi pou ede Otorite lokal yo pi efikas nan jefò yap fè bò kote Chèf Leta a, pou pote plis sèvis bay popilasyon Latibonit, sitou nan sa ki konsène Travo Piblik, Anviwonman ak Agrikilti.

Nan prezans Premye Minis lan, Doktè Jack Guy Lafontant , Minis TPTC a,Enjenyè Fritz Caillot, Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, Doktè Max Roudolph Saint Albin, Senatè Youri Latortue, plizyè depite ak lòt otorite nan depatman Latibonit, Prezidan Jovenel Moïse, renouvle angajman pou kite 4 mil kilomèt wout asfalte nan tout peyi a, ekipe 10 Direksyon Depatmantal TPTC yo, bay kouran 24 sou 24 nan tout peyi a epi konstwi baraj sou divès rivyè ,espesyalman « Baraj 4C » a, ki pral pwodwi anviwon 32 megawat kouran nan depatman Latibonit lan.

Aprè Nòdwès, Nò ak Sant, Latibonit se 4è depatman ki deja resevwa flòt materyèl, Chèf Leta a te pwomèt 10 Direksyon Depatmantal TPTC peyi a. Jès sila montre aklè, Prezidan Jovenel Moïse ap travay tout bon vre pou ranfòse kolektivite yo epi pèmèt moun kap viv nan vil pwovens yo benefisye menm avantaj ak moun nan kapital la.

-Finisman-