Pòtoprens, samdi 3 fevriye 2018.- Prezidan Repiblik la , Ekselans Jovenel Moïse , akonpanye ak Premye Minis Jack Guy Lafontant , Minis, Direktè Jeneral ok otorite nan depatman Nò a, poze premye wòch pou konstriksyon Sant Jèmoplas ak Pwopagasyon vejetal depatman Nò a, nan Granpre ( Katye Moren), samdi 3 fevriye 2018 la.

Aprè Sid, Nip, Grandans ak Nodwès , depatman Nò a se 5e kote ki pral resevwa Sant Jèmoplas ak Pwopagasyon Vejetal sila, ki gen yon kapasite 4,5 milyon ti pye bwa chak ane.

Gwo sant sila pral kontribye nan lit Chèf Leta a ap mennen ak ekip gouvènmantal la, pou remanbre anviwonman peyi a epi mete pye bwa ki ka bay fwi nan tout tèt mòn yo.

Pandan l tap adresel ak foul moun ki te vin akeyi l la, Ekselans lan mete aksan sou nesesite ki genyen pou popilasyon an mete men ak leta a pou refè imaj peyi a sou plan anviwonmantal. Si avan, Prezidan Jovenel Moise te Pwomèt pou fè yon sant Jèmoplas nan chak depatman, aprè tout etid ki fèt ,Chèf Leta a deside mete 14 sant Jèmoplas ak Pwopagasyon Vejetal nan tout peyi a , nan lide pou rive rebwaze peyi Dayiti avan lontan.

EkselansJovenel te tou pwofite de kout pye sa nan Granpre , Katye Moren, pou tande doleyans popilasyon an epi anonse yon seri travay administrasyon li an pral antame nan depatman Nò a , tankou baraj sou rivyè, kiraj, drenaj, wout, akonpayman pou agrikiltè epi pwojè pou bay peyizan an yon ti tchotcho poul plante epi pran swen pye Bwa ,nan sousi pou rive chanje kondisyon lavi popilasyon an epi pote yon lavi miyò pou sa ki nan plis bezwen yo.

-FINISMAN-