Pòtoprens, samdi 20 janvye 2018.- Moun Kanperen ap viv ak plis diyite, ak plis kè kontan, se temwayaj sa a yo fè depi Karaván chanjman fin konstwi wout prensipal vil saa nan zòn anbakan pou wete popilasyon an anba traka pousyè, dlo ak labou chak fwa lapli fin tonbe.

Wout saa kifè yon longè 3.5 kilomèt se ak lajan leta epi ak materyèl CNE li konstwi. Yon wout ki fè jounen jodi a fyète chak grenn moun kap viv nan komin kanperen. Wout saa se yon senbòl byennèt daprè sa anpil moun nan popilasyon an fè konnen, paske li ede yo viv pi byen, e l chanje figi vil la nèt.

Ti machan n, chofè moto, chofè kamyonèt, wete chapo yo pou salye vizyon chèf leta a ki penmèt konstriksyon wout sa a reyalize nan yon delè tou kout. Chofè yo fè konnen, yo pèdu mwens tan, yo fè plis kòb nan fè trafik kounye a. Ti machann yo menm esplike ke pwodui yo pa pase mati anba pousyè ni yo pa pèdi yo ankò paske yo tonbe nan dlo, paske rivyè laravin pa vin paweze nan vil la ankò lè lapli tonbe depi bon jan travay kiraj ak drenaj fin fèt ladan an.

Karaván chanjman an se yon estrateji kap ede bay plis sèvis ak popilasyon an kelkeswa kotel ap viv sou bout tè sa a. Se pou sa travay konstriksyon wout yo ap kontinye nan lokalite mèsan pou mete kanperen sou ray devlopman nèt. Popilasyon an dakò, e l pwomèt poul kontinye sipòte prezidan repiblik la, pou toupatou nan peyi Dayiti, van chanjman an soufle byen fò.