Pòtoprens, vandredi 19 janvye 2018.- Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moise remèt yon valè 40 moulen diri ak 29 moto nan vale latibonit la jounen jodi vandredi 19 janvye 2018 la.Se yon premye estòk moulen diri ki vinn ranplase ansyen moulen yo ki tap fonksyone nan move eta.

Sou 253 pwopriyetè, responsab yo chwazi pa tiraj osò 40 agrikiltè pou premye etap sa, yo repati nan 7 komin.

Senatè latibonit lan Youri Latortue aplodi inisyativ sa a ki se rezilta pwomès Prezidan Jovenel Moise te fè pou akonpaye plantè, agrikiltè ak pwodiktè nan vale latibonit. Senatè a eksplike gen lòt travay kap rapouswiv nan depatman latibonit lan toujou nan kad karavann chanjman an ki relanse pwodiksyon agrikòl la nan latibonit.

Akoz pwoblem materyel pou agrikiltè yo fonksyone , 30% nan rekòt diri a konn kraze. Gras ak moulen modèn sa yo pwoblèm sa a rezoud.

Chèf leta a ankouraje lide pou ranfòse regwoupman asosiyasyon plantè yo a travè diferan blòk yo, sa li di kap ede administrasyon Moise / Lafontant vanse pi vit nan pwojè yo.

Chak moulen sa yo koute yon valè 13 mil dola ameriken yo gen kapasite pou netwaye anviwon 800 a 1200 kilogram diri.

Pwopriyetè moulen sa yo pral ranbouse koperativ la kòb sa pa moso pa moso pandan 3 lane a zewo pousan enterè. Pou yo te resevwa moulen yo leta pa ekzije pèsòn bay yon goud. Paske Prezidan an tankou tout bon papa konen doulè malerèz ak malere nan peyi a kap soufri lontan.

Yon lot fwa anko nap raple peyzan latibonit ki resevwa moulen tou nèf sa yo pa gen yon goud enterè yo pral peye. Se travay sa yo, travay pou remanbre agrikilti a prezidan ap fè pou rebay peyzan latibonit espwa.