Pòtoprens, samedi 6 janvye 2018.- Manm klèje katolik la, Evèk,pè, Mè ak kretyen katolik yo resevwa nouvo achevèk pòtoprens lan ak anpil chalè jounen samedi 6 Janvye a nan katedral pòtoprens lan.

Dezòmè, Monseyè Max Leroy Mesidor pral gen plis reskonsabilite nan misyon pastoral li tankou : voye je sou Dyosèz Nip, Sid, Grandans ak Sidès, san konte 119 pawas nan depatman lwès la. Daprè vikè achidyosèz pòtoprens lan Monseyè Vital Medee defi ak pèspektiv yo anpil nan yon kontèks sosyo politik difisil.

7 oktòb 2017 la Pap François te nome ansyen achevèk kap Ayisyen an Monseyè Max Leroy Mésidor kòm achevèk pòtoprens, li vinn ranplase Monseyè Guire Poulard, ki pran retrèt.

Nan Omeli sikonstans lan , Monseyè Mesidor di li pare pou jwe patisyon pal nan vansman peyia a travè misyon pastoral Bondye ba li kòm konseye relijye, sou plan sosyal ak politik. Li ankouraje travay devlopman sosyo ekonomik Administrsyon Moise/Lafontant ap fèt pou tabli lapè nan peyia.

Seremoni antre ofisyèl nouvo achevèk pòtoprens lan dewoule an prezans Prezidan Repiblik la Jovenel Moise, premyè Dam Repiblik la Martine Moise, chèf gouvènman Jacques Guy Lafontant Prezidan 2 branch palman ak divès lòt pèsonalite.