Pòtoprens, dimanch 10 desanm 2017.- Ministè Kilti ak Kominikasyon aprann ak anpil lapèn nouvèl lanmò Emmanuel Charlemagne (Manno Chalmay), nan lannwit samdi 9 pou rive dimanch 10 desanm 2017 la. Apre li fin batay ak anpil kouraj ak yon Kansè nan poumon li rive tonbe ak 69 lane.

Emmanuel Charlemagne (Emanyèl Chalmay), militan politik, ikón mizik angaje tradisyonèl ayisyèn yo, te yon chantè popilè ki t ap pral make plizyè jenerasyon.

Ministè Kilti ak Kominikasyon, nan sikonstans difisil sa a, ap prezante tout senpati l bay fanmi Emmanuel Charlemagne ( Emanyèl Chalmay), zanmi li yo, kolaboratè l yo, ak tout moun ki te sipòte l nan gwo batay li t ap mennen kont maladi kansè a, epi tout fanatik chantè, konpozitè, entèprèt sila a kite ak dlo nan je jounen jodi a.

-FEN-