Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, LES LUNDIS DE LA PRESSE, ce lundi 20 novembre 2017, à 9:45 am, en ses locaux, au #23 de l’ avenue Lamartinière (Bois Verna).

Pour cette conférence, le Ministère de la Communication reçoit le Directeur Général du Ministère du Commerce et de l’ Industrie, M. Daniel Denis qui fera le point sur la mission du MCI, les activités réalisées par la nouvelle équipe et les perspectives.

Le Ministère de la Communication invite les médias à se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.

La Conférence « Les Lundis de la Presse » # 24 sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.

 

ENVITASYON: LENDI LAPRÈS # 24
Ministè Kominikasyon envite laprès nan aktivite li fè chak semèn nan, Lendi Laprès, jou lendi k ap 20 navanm 2017 la, a 9 : 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Nan konferans sa a,Ministè Kominikasyon ap resevwa Direktè Jeneral Ministè Komès ak Endistri a, Mesye Daniel Denis (Danyèl Deni) ki pral pale sou misyon Ministè Komès ak Endistri, travay ekip tou nèf la deja fè epi pwojè li genyen.

Medya k ap vin kouvri konferans sa a dwe sou plas nan lè ki fikse a.

Konferans « Lendi Laprès » # 24 la ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.