Pòtoprens, 2 oktòb 2017.- Nan Pwogram «Lendi Laprès» la, Ministè Kominikasyon resevwa, jounen lendi 2 oktòb 2017 la, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), pou lansman mwa Lang ak Kilti Kreyòl la. Se Minis Kilti ak Kominikasyon an Mesye Limond Toussaint ( Limon Tousen), Pastè Pauris Jean Baptiste (Poris Jan Batis), Prezidan Akademi an ak Luna Gourgue (Louna Goug), Sekretè Egzekitif, ki te pran la pawòl nan konferans sa a.

Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse (Jovnel Moyiz), depi apre enstalasyon l nan tèt peyi a, ap pale de chanjman. Chanjman sa a soti tou nan fason n ap kominike. Se pou tèt sa, Administrasyon Moyiz ak Gouvènman Lafontan an deside kominike pou tout moun konprann. «Lang se youn nan valè kiltirèl ki pèmèt nou idantifye nou kòm pèp. Kidonk, lang kreyòl la se idantite pèp ayisyen», se pawòl Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) pandan li mande pou tout Ayisyen pran konfyans nan tèt yo, nan kilti yo, lè y ap pale kreyòl ki se lang manman nou.

«Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou, tout kote, san baboukèt» se sou tèm sa a AKA ap selebre mwa Lang ak Kilti Kreyòl la pou ane 2017 la. Tout jèn nan peyi a kèlkilanswa kote yo ye sou planèt la, dwe sèvi ak lang kreyòl la. Akademi an envite tout Ayisyen sèvi ak lang manman nou nan tout domèn, tankou teyat, pwezi, memwa nan inivèsite, ak nan tout domèn lakonesans.«Lang nou se prensipal zouti pou nou pran tout kalite konesans itil pou nou aji sou istwa nou, sou anviwònman nou, pou nou konbat tout aspè negatif nan nou», se sa Prezidan AKA a deklare.

Akademi an ap reyalize anpil aktivite pandan tout mwa oktòb la, anpil kote nan peyi a. Aktivite sa yo ap reyalize nan tèt kole ak Ministè Kilti ak lòt patnè li yo, mete ak sipò UNESCO. Se ak yon seremoni ofisyèl nan Jaden MUPANAH sou Chanmas aktivite yo ap demare jou k ap 6 oktòb 2017 la, pou al bout 28 oktòb ak seremoni ofisyèl selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la, k ap tou klotire mwa kreyòl la, nan Palè San Sousi nan depatman Nò.

Ministè Kilti ak Kominikasyon ak Akademi Kreyòl Ayisyen an swete tout ayisyen alawonbadè bon mwa Lang ak Kilti Kreyòl, pandan l ap mande yo pou anbake nan defann lang Kreyòl la. Administrasyon Moyiz ak Gouvènman Lafontan an renouvle angajman l nan batay pou bay lang Kreyòl la plis jarèt, epi kontinye kominike nan tou de (2) lang ofisyèl peyi a jan sa ekri nan Konstitisyon an.

-FEN-