Pòtoprens, 6 oktòb 2017.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse , akonpanye ak enjenyè-Topograf, palmantè epi kèk notab nan depatman Nip lan, lanse vandredi 6 oktòb 2017 la, travay devyasyon rivyè Baradè a.

Travay sa yo rantre nan kad jefò chèf leta a ap fè pou jere dlo epi epanye byen ak vi popilasyon Baradè a, ki konn sibi gwo domaj a chak fwa rivyè a ap desann.

Ekselans Jovenel Moïse, ki fè tretman ravin ak rivyè, chwal batay li nan Gran Sid la, pwomèt pou l kontinye akonpanye popilasyon Baradé a, nan lide pou pèmèt yo fè fas ak risk klimatik yo, ki anpil fwa kraze sa yo redi konstwi epi lage yo nan rekomanse

Komin Baradè ki te pran gwo pataswèl, pandan pasaj siklòn Matye a, kòmanse jwi benefis karavàn chanjman an, ki lanse depi mwa jiyè pase a nan Gran Sid la.

Prezidan Jovenel Moïse, te pwofite de kout pye sa, nan rivyè Baradè a , pou evalye eta wout ki mennen sou waf la epi pwomèt pou rebay pò sila vrè vizaj li, avan lontan.