Le Ministère de la Communication invite la presse à une conférence , ce mardi 3 octobre 2017, à 10h:00 am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).

A cette conférence, le Ministère de la Communication reçoit le Secrétaire d’Etat aux Finances, M. Ronald Grey Décembre, le Directeur Général des Douanes, M. Jean Jorel Janvier et le Directeur Général de la DGI, M. Miradin Morlan, qui feront le point sur les mesures fiscales et douanières.

Les médias, désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.

Cette Conférence sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.

 

*****

 

Envitasyon : Konferans espesyal sou dispozisyon fiskal ak dwanye yo pou ane fiskal 2017-2018

Ministè Kominikasyon envite Laprès nan yon konferans, demen madi 3 oktòb 2017 la, a 10è :00 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Nan konferans sa a, Ministè Kominikasyon ap resevwa Sekretè Deta Finans lan, Mesye Ronald Grey Décembre ( Ronal Grey Desanm), Direktè Jeneral Dwàn yo, Mesye Jan Jorèl Janvier (Jowèl Janvye) ak Direktè Jeneral DGI Mesye Miradin Morlan ( Miraden Morlan), ki pral pote presizyon sou nouvo dispozisyon fiskal ak dwanye yo.

Ministè Kominikasyon mande tout medya k ap vin kouvri konferans sa a pou yo sou plas nan lè ki fikse a.

Konferans sa a ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.