Ministè Kominikasyon envite laprès nan konferans li bay chak semèn nan, LENDI LAPRÈS, lendi k ap 30 oktòb 2017 la, a 9:45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Nan konferans sa a, Ministè Kominikasyon ap resevwa Minis Touris ak Endistri Kreyativ yo, Madam Colombe Emilie Jessy Menos ( Kolonb Emili Jesi Menòs) ki pral esplike gwo travay ekip li a fè nan Ministè a, epi prezante pwojè l genyen pou nouvo ane fiskal la.

Ministè Kominikasyon mande medya k ap vin kouvri konferans sa a pou yo sou plas nan lè ki fikse a.

Konferans « Lendi Laprès » # 21 an ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.

 

 

*******

 

 

INVITATION: LES LUNDIS DE LA PRESSE # 21

Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, LES LUNDIS DE LA PRESSE, ce lundi 30 octobre 2017, à 9:45 am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).

Pour cette conférence, le Ministère de la Communication reçoit la Ministre du Tourisme et des Industries Créatives, Mme Colombe Emilie Jessy Menos qui fera le point sur les grandes réalisations de son équipe au sein du Ministère et présentera les perspectives pour la nouvelle année fiscale.

Les médias, désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.

La Conférence « Les Lundis de la Presse » # 21 sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.