ENVITASYON ESPESYAL: LENDI LAPRÈS # 20

Ministè Kominikasyon envite laprès nan konferans li bay chak semèn yo, LENDI LAPRÈS, jou lendi k ap 23 oktòb 2017 la, a 9:45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Nan konferans espesyal sa a, Ministè Kominikasyon ap resevwa Premye Minis lan, Ekselans Jack Guy Lafontant ( Jak Gi Lafontan).

Ministè Kominikasyon mande medya k ap vin kouvri konferans sa a pou yo sou plas nan lè ki fikse a.

Konferans « Lendi Laprès » # 20 la ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.

 

********

Invitation spéciale : 20e conférence des Lundis de la Presse

Le Ministère de la Communication invite la presse à sa série de conférences hebdomadaires, LES LUNDIS DE LA PRESSE, le lundi 23 octobre 2017, à 9:45 am, au local dudit Ministère #23, Ave Lamartinière (Bois Verna).

Pour cette conférence spéciale, le Ministère de la Communication reçoit le Premier Ministre, S.E.M. Jack Guy Lafontant.

Les médias, désireux de couvrir cette conférence, sont priés de se présenter sur les lieux à l’heure indiquée.

La Conférence « Les Lundis de la Presse » # 20 sera retransmise en direct par la Radio Nationale d’Haïti (RNH), la Télévision Nationale d’Haïti (TNH) et pourra être suivie sur plusieurs plateformes de réseaux sociaux.