Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan kolaborasyon ak Ministè Kilti, ak tout lòt patnè li yo mete ak sipò UNESCO ap reyalize yon mwa aktivite soti lendi 2 oktòb rive 31 oktòb 2017 pou selebre lang ak kilti kreyòl.

Tèm ane 2017 lan se: « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ».