Ouragan Irma (Ima) : Patisipasyon Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi 7 septanm 2017 la

Kòm anpil mikwòb kapab pwofite pasaj siklòn nan pou gaye maladi nan peyi a, Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) anonse dispozisyon Ministè pa l la pran :

–   Ranfòsman Selil ijans yo nan tout depatman ki anba gwo menas yo,
–   Mobilizasyon fèt pou tout ka ijans pran an chaj san pèdi tan,
–   Anbilans yo deja sou plas pou sizoka,
–   Mobilizasyon Ekip entèvansyon rapid kont kolera a.

Minis la pwofite konferans sa a pou pote kèk konsèy pou popilasyon an :
–   Achte akwatab oswa kloròks pou trete dlo n ap sèvi,
–   Moun ki kapab dwe gen ti valiz ijans yo ki gen materyèl tankou sizo, twal gaz, ti likid kont bakteri.
–   Kontinye respekte tout prensip kont kolera yo
–   Moun ki soufri maladi ki oblije pran medikaman chak jou dwe fè yon ti pwovizyon medikaman pou twa jou , paske yo gen dwa pa ka soti al nan famasi.
–   Yon fanm ansent ki konnen li sou dènye mwa l dwe rete tou pre yon lopital.