Ouragan Ima Bilan pasyèl : Presizyon Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Max Rudolph Saint-Albin (Maks Woudòlf Sentalben) nan Konferans pou laprès, jounen vandredi 8 septanm 2017 

Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Max Rudolph Saint-Albin (Maks Woudòlf Sentalben) di popilasyon an rete tèt frèt ; pa fè tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo konfyans, paske Leta gen kontwòl sitiyasyon an. Minis Enteryè a prezante yon bilan pasyèl sou depatman ki te anba pi gwo menas yo :

– Se depatman Nòdès ki pi frape kote gen plis pase 1258 fanmi (6290 moun) ki deplase al nan 14 abri pwovizwa, epi gen kèk kay ki kraze.

–  Nan depatman Nòdwès, gen plis pase 1553 moun ki deplase al nan 11 abri pwovizwa; nan Zile Latòti gen plizyè tèt kay ki ale.

–  Nan depatman Latibonit, gen 169 moun ki deplase al nan 4 abri pwovizwa. Gen inondasyon nan Dechapèl.

–  Nan Plato Santral, gen plis pase 550 moun ki deplase al nan 13 abri pwovizwa, epi twonson wout Ench – Tomasik la koupe; se menm sitiyasyon an pou  wout  Ench – Piyon an ki mennen Okap la. Gen yon chofè moto  ki disparèt nan eseye travèse yon rivyè.

–  Nan depatman Nò, gen plis pase 994 moun ki deplase al nan abri pwovizwa.

–  Nan Grandans, gen 529 moun ki deplase al nan 6 abri pwovizwa.

–  Gen kèk rivyè nan plizè depatman ki desann.

Tout moun ki nan abri pwovizwa yo ap resevwa bon jan tretman nan men otorite lokal yo, nan tèt kole ak Pwoteksyon Sivil ak Delege Depatmantal yo. Alèt wouj la toujou kenbe paske gen kèk komin nan 5 depatman ki plis konsène yo ki toujou anba menas siklòn nan. Tout ekip sekou yo dwe rete mobilize pou èd la ka rive nan komin ak seksyon kominal ki frape yo.