Kominike pou Laprès

Pòtoprens, 10 septanm 2017.- Direksyon Jeneral Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) ap pote yon demanti fòmèl sou rimè k ap sikile kòm kwa sitwayen yo pral peye de mil senk san (2,500) goud pou yo kapab fè Kat Idantifikasyon Nasyonal yo.

Direksyon an ap fè popilasyon an jeneral ak manm laprès ki la pou enfòme yo konnen jiska prezan, biwo ONI yo nan 144 komin peyi a resevwa sitwayen pou pou bay yo tout sèvis gratis paske Leta poko okenn pran dispozisyon pou mete pri sou sèvis sa yo.

Direksyon Jeneral ONI ap ankouraje tout sitwayen pou yo denonse kèlkeswa moun ki mande yo peye yon santim pou yonn nan sèvis ONI. Y ap rele nan nimewo 37 08 4087 pou denonse moun sa epi bay bon jan enfòmasyon sou li ak biwo kote sa fèt la yon fason pou l jwenn pinisyon lalwa prevwa pou fwod, vòl ak koripsyon.

Yon lòt fwa ankò, ONI vle raple tout sitwayen, sitwayèn operasyon renouvèlman kat ki ekspire yo ak kòmanse a pati dat premye oktòb k ap vini la.

Mèsi !

communication@oni.gouv.ht