Port-au-Prince, vendredi 22 septembre 2017.- Le Ministère de la Défense a appris que des individus armés portant des uniformes militaires de type camouflage avec inscription Forces Armées d’Haïti et se réclamant de l’Institution Militaire ont investi les abords de l’Aéroport International Toussaint Louverture dans la matinée du vendredi 22 septembre 2017 en vue d’exiger le rétablissement des Forces Armées d’Haïti à l’occasion du retour au pays de Son Excellence Jovenel MOISE, Président de la République.

Le Ministère de la Défense tient à préciser pour le public en général et la presse en particulier qu’il condamne toute initiative de ce genre visant à jeter la confusion et à hypothéquer l’avenir de la Nouvelle Force de Défense que le Pays entend rebâtir sur des bases solides afin de la rendre capable de lutter efficacement contre les effets des catastrophes naturelles.

De plus, le Ministère rappelle à toutes et à tous qu’il est l’unique organe chargé par la loi d’appliquer la politique du Gouvernement en matière de défense.

 

****

 

Pòtoprens, vandredi 22 sektanm.- Ministè Defans sot aprann gen yon gwoup moun ki gen gwo zam nan men yo ki anvayi zòn èpòt Tousen Louvèti a nan maten vandredi 22 sektanm 2017 la. Endividi sa yo ki ta swadizan ap mande pou lame tounen te abiye ak rad militè sou yo. Aksyon sa produi nan moman kote Chèf Leta a, SEM Jovenel MOISE, t ap rantre nan peyi a aprè li te sot patisipe nan 72e Asanble Jeneral Nasyonzini.

Ministè Defans ap fè tout moun konnen li kondane ak tout fòs li desizyon gwoup moun sa yo pran pou yo poze yon zak konsa nan yon moman kote peyi a ap fè jefò pou mete kanpe yon Fòs Defans tounèf pou ede l kenbe lè gen katastwòf natirèl.

Ministè Defans ap raple se li menm sèl lalwa nan peyi Dayiti bay dwa pou aplike politik gouvènman an nan sa ki gen pou wè ak zafè defans nan peyi a.