Ouragan Ima / Bilan pasyèl : Mesaj Premye Minis peyi a, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) nan Konferans pou laprès, jounen vandredi 8 septanm 2017

Premye Minis peyi a, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) ki te gen ak li plizyè manm kabinè ministyèl la, te remèsye Popilasyon an ki te tande epi aplike konsiy otorite yo, Laprès ki te rete mobilize pou enfòme popilasyon an, Direksyon Pwoteksyon Sivil, otorite lokal yo, polisye yo, Kò Jeni Militè a, Lakwa Wouj, Eskout, travayè lasante yo, tout brigadye yo, fonksyonè leta yo, patnè teknik ak finansye Ayiti yo. Gouvènman an mete sou pye yon Komisyon Evalyasyon ki pral rasanble tout enfòmasyonn yo pou rive gen yon bilan konplè apre pasaj siklòn Ima sou peyi a.

Gouvènman an mande popilasyon an pran pasyans pandan l ap travay gras ak karavàn chanjman an pou fè kiraj kanal yo, fè wout epi bay kouran nan tout peyi a, yon mannyè pou gen mwens dega lè Ayiti gen pou fè fas kare ak lòt katastwòf natirèl.