Ouragan Ima: Konferans pou laprès, jounen vandredi 8 septanm 2017 la, lakay Premye Minis la, pou prezante yon bilan pasyèl

Se Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) ki te bay objektif konferans lan, epi prezante otorite ki te gen pou pran lapawòl yo.

Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Max Rudolph Saint-Albin (Maks Woudòlf Sentalben) te kòmanse pou di popilasyon an rete tèt frèt ; pa fè tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo konfyans, paske Leta gen kontwòl sitiyasyon an.

Minis Enteryè a prezante yon bilan pasyèl sou depatman ki te anba pi gwo menas yo :

–   Se depatman Nòdès ki pi frape kote gen plis pase 1258 fanmi (6290 moun) ki deplase al nan 14 abri pwovizwa, epi gen kèk kay ki kraze.

–  Nan depatman Nòdwès, gen plis pase 1553 moun ki deplase al nan 11 abri pwovizwa; nan Zile Latòti gen plizyè tèt kay ki ale.

–  Nan depatman Latibonit, gen 169 moun ki deplase al nan 4 abri pwovizwa. Gen inondasyon nan Dechapèl.

–  Nan Plato Santral, gen plis pase 550 moun ki deplase al nan 13 abri pwovizwa, epi twonson wout Ench – Tomasik la koupe; se menm sitiyasyon an pou  wout  Ench – Piyon an ki mennen Okap la. Gen yon chofè moto  ki disparèt nan eseye travèse yon rivyè.

–  Nan depatman Nò, gen plis pase 994 moun ki deplase al nan abri pwovizwa.

–  Nan Grandans, gen 529 moun ki deplase al nan 6 abri pwovizwa.

–  Gen kèk rivyè nan plizè depatman ki desann.

Tout moun ki nan abri pwovizwa yo ap resevwa bon jan tretman nan men otorite lokal yo, nan tèt kole ak Pwoteksyon Sivil ak Delege Depatmantal yo. Alèt wouj la toujou kenbe paske gen kèk komin nan 5 depatman ki plis konsène yo ki toujou anba menas siklòn nan. Tout ekip sekou yo dwe rete mobilize pou èd la ka rive nan komin ak seksyon kominal ki frape yo.

Premye Minis peyi a, Mesye Jack Guy Lafontant (Jak Gi Lafontan) ki te gen ak li plizyè manm kabinè ministyèl la, te remèsye Popilasyon an ki te tande epi aplike konsiy otorite yo, Laprès ki te rete mobilize pou enfòme popilasyon an, Direksyon Pwoteksyon Sivil, otorite lokal yo, polisye yo, Kò Jeni Militè a, Lakwa Wouj, Eskout, travayè lasante yo, tout brigadye yo, fonksyonè leta yo, patnè teknik ak finansye Ayiti yo. Gouvènman an mete sou pye yon Komisyon Evalyasyon ki pral rasanble tout enfòmasyon yo pou rive gen yon bilan konplè apre pasaj siklòn Ima sou peyi a.

Gouvènman an mande popilasyon an pran pasyans pandan l ap travay gras ak karavàn chanjman an pou fè kiraj kanal yo, fè wout epi bay kouran nan tout peyi a, yon mannyè pou gen mwens dega lè Ayiti gen pou fè fas kare ak lòt katastwòf natirèl.