Ouragan Irma (Ima) : Premye Konferans pou laprès nan jounen  jedi sèt (7) septanm  2017 la,  lakay Premye Minis la, sou siklòn Ima ki ka pase nan peyi a. 


Se Dirèkte Ministè Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè) ki te bay objektiv konferans lan epi  prezante tout otorite ki gen pou pale ak laprès, lakay Premye Minis lan, nan jounen sa a.

 

Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) te pran lapawòl an premye. Men yon ti rezime nan sa li te di :Irma ap frape tout dis (10) depatman yo, an patikilye Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Plato Santral. Nan sans sa a: – Tout moun ki rete bò lanmè, bò larivyè oswa nan tout lòt zòn malè pandye yo, deplase. Pou sila yo ki ta ap fè tèt rèd, desizyon pran pou fè yo deplase vle pa vle,- Gouvènman an mande pou tout enstitisyon fèmen pòt yo a pati de midi jodi jedi 7 septanm 2017 la,- Popilasyon an dwe koute mesaj Gouvènman an ak sa otorite lokal yo di,- Tout moun dwe tande radyo pou yo ka konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo epi pou yo pa pèdi papye enpòtan yo,- Pa fè tout imaj ak tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo konfyans.

Kòm anpil mikwòb kapab pwofite pasaj siklòn nan pou gaye maladi nan peyi a, Minis Sante piblik ak popilasyon an, Madam Marie Gretha Roy Clément (Mari Greta Wa Kleman) anonse dispozisyon Ministè pa l la pran :- Ranfòsman Selil ijans yo nan tout depatman ki anba gwo menas yo,- Mobilizasyon fèt pou tout ka ijans pran an chaj san pèdi tan,- Anbilans yo deja sou plas pou sizoka,- Mobilizasyon Ekip entèvansyon rapid kont kolera a.Minis la pwofite konferans sa a pou pote kèk konsèy pou popilasyon an :- Achte akwatab oswa kloròks pou trete dlo n ap sèvi,- Moun ki kapab dwe gen ti valiz ijans yo ki gen materyèl tankou sizo, twal gaz, ti likid kont bakteri.- Kontinye respekte tout prensip kont kolera yo- Moun ki soufri maladi ki oblije pran medikaman chak jou dwe fè yon ti pwovizyon medikaman pou twa jou , paske yo gen dwa pa ka soti al nan famasi.- Yon fanm ansent ki konnen li sou dènye mwa l dwe rete tou pre yon lopital.

Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, bò kote pa l voye senpati li bay tout Ayisyen k ap viv nan ti zile siklòn nan deja ravaje yo. Li mande Ayisyen sa yo mete tèt yo ansanm pou yo ka rive soti byen nan moman difisil sa a. Sila yo k ap viv nan Florid dwe prepare yo pou fè fas kare ak Ima ki gen pou rive sou yo touswit. Gen Selil enfòmasyon ijans ki mete kanpe nan Ministè a pou pèmèt gouvènman an vanse pi byen nan objektif zewo mò a. Moun k ap viv deyò peyi a dwe sansibilize fanmi yo k ap viv an Ayiti pou yo pa fè tèt di. Dyaspora ki ta bloke an Ayiti epi ki ta bezwen akonpayman ka rele nan nimewo sa a : 4000 0040.

Se entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ki te mete bout nan konferans sa a kote manm estrikti sa a te lanse yon mesaj pou mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite ak vwazinaj. Gen yon apèl ki lanse tou bay legliz yo, peristil yo, òganizasyon yo, pou yo pote sekou bay moun ki ta gen pwoblèm. Tout operatè pwa lou yo, traktè yo ak tout fonksyonè piblik yo dwe mete yo disponib pou bay sèvis yo. Depo manje yo gentan disponib nan tout depatman siklòn nan gen pou l frape yo epi lapolis gentan pran tout dispozisyon pou ba yo sekirite. Yon kantite lajan soti 300 rive 500 mil Goud deja disponib sou kont chak meri, yon mannyè pou yo ka fè jere premye ijans yo. Nan nivo lapolis, tout dispozisyon gentan pran : prizonye deplase, jefò fèt pou kominikasyon pa koupe ak okenn ti kwen nan peyi a.

Gouvènman an mande pou tout moun respekte tout konsiy yo. An nou fè solidarite youn ak lòt.

imaj Andirèk