Ouragan Irma (Ima) : Patisipasyon Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi 7 septanm 2017 la

Pòtoprens 7 septanm 2017.- Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Limond Toussaint (Limon Tousen) te pran lapawòl an premye. Men yon ti rezime nan sa li te di :

Irma ap frape tout dis (10) depatman yo, an patikilye Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Plato Santral. Nan sans sa a :

  •  Tout moun ki rete bò lanmè, bò larivyè oswa nan tout lòt zòn malè pandye yo, deplase. Pou sila yo ki ta ap fè tèt rèd, desizyon pran pou fè yo deplase vle pa vle.
  • Gouvènman an mande pou tout enstitisyon fèmen pòt yo a pati de midi jodi jedi 7 septanm 2017 la
  • Popilasyon an dwe koute mesaj Gouvènman an ak sa otorite lokal yo di,
  • Tout moun dwe tande radyo pou yo ka konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo ak fanmi yo epi pou yo pa pèdi papye enpòtan yo,
  • Pa fè tout imaj ak tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo konfyans.