Pòtoprens, 17 jiyè 2017.- Se ak anpil emosyon Ministè Kominikasyon pran nouvèl lanmò yon pitit laprès Gonayiv, Mesye Joseph Alfred (Jozèf Alfrèd, alyas Joe Tikay (Djo Tikay). Pèsonalite referans sa a kite nou a 79 lane.

Djo Alfrèd ki te renmen mikwo ak mizik anpil, te animatè nan radyo Trans Artibinite (Trans Latibonit) ak Radyo Kiss FM (Kis FM). Li mouri apre yon gwo karyè nan domèn radyo epi li kite yon bèl vwa kòm souvni. Sajès li ak fason li te konn fè moun ri te fè tout yon jenerasyon renmen l epi respekte l.

Depatman Latibonit la chagren anpil pou lanmò gwo potorik gason sa a ki te parèt tankou yon bibliyotèk vivan, yon ansiklopedi ki te konnen epi pataje gwo moman nan istwa Latibonit.

Ministè Kominikasyon swete pitit, pwòch ak zanmi Joe Tikay (Djo Tikay) kondoleyans epi prezante senpati li bay tout laprès an Ayiti, sitou laprès nan Gonayiv.

-FEN-