‘’Anbisyonm, volontem, rèv mwen, se jwenn, se prepare mwayen pou tout sitwayen peyi m viv byen e jwi libète tankou tout pèp. Si m atenn bi sa a, yon bi mwen pote nan tèt mwen, nan kè mwen, e byen mwen pap regrèt kan lè fatal la va rive, san okenn remò, map parèt devan Granmèt la, map depoze bilan zèv mwen ak aksyon mwen nan pye l.’’ Se pawòl Toussaint te di nan dat 8 jiyè 1801.

Mèsi Toussaint. Granmèt la temwen sa ou fè : ou pote libète pou pèp ou, pou ras ou. Ou louvri chimen fratènite ak libète pou tout kretyen vivan sou latè.

Toussaint Louverture, ou se limyè peyi Dayiti. Ou bay frè w ak sè w leson tèt ansanm, leson kouray, fòs pou yo travay, pou yo batay, pou chanje lavi, pou viv nan lòd ak estabilite.

Toussaint Louverture, si jodi a, yon pitit tè sa a pa renmen frè’l ak sè’l, se pa nan liv pa w la li li! Si jodi a, yon fanm, yon nonm ki pote non Ayisyen ta montre engratitid nan rapò li ak lòt pèp nan kontinan an, nan lemond, se pa nan sitadèl Louvèti a li resevwa lizay! Toussaint Louverture, mèsi! Nou sou wout. Nou trennen anpil. Li rive nou pèdi tan. Nou divize. Men rasin libète fon nan tèt nou, nan kè nou.

Leson kouray ak lonè ou kite, li lè li tan pou nou ranmase yo pou nou bati yon lòt tan. Yon peyi kote limyè Toussaint ap klere, dwe pran chimen kwasans, travay, ledikasyon, tèt ansanm pou konbat esklizyon, enstabilite, lamizè.

Toussaint, ou se zam pèp Ayisyen pou yon devlòpman dirab, nan dyalòg ak tout lòt pèp. Mèsi Toussaint! Ou se pi gwo kapital Pèp Ayisyen!

Anbisyon w, volonte w, rèv ou, pou abitan tè sa a, nou fè sèman, nap pote’l ak Oné e Respé! Mwen pa regrèt mwen tale nan Fò de Jou, nan montay Jira, kote w te pase dènye jou w yo nan peyi Lafrans.

Sa banm anpil enspirasyon poum konprann sans batay ou a ak lòt zansèt yo e ban m anpil enspirasyon poum renmen
peyi m ak tout kè mwen.

Mèsi Toussaint!

Jovenel Moïse,
Prezidan Repiblik Dayiti